Respekte Non Darline Deska

Respekte Non Darline Deska

Poukisa pèp Ayisyen an ap fawouche Darline Deska pou laj li?

Pibliye 15 Me 2022
Kilti Popilè Mizik

Darline Desca se youn nan fanm ki plis enfliyan nan endistri mizik Ayisyèn lan (HMI). Li fèt an 1983, selon sa li menm di. Gen anpil moun ki pa kwè sa, men sa pa ta dwe zafè pèsonn.

Majorite moun te vin dekouvri Darline nan mizik li te fè ak Roody Rudeboy ki rele "M pa kyè", men pou mwen, se pa mizik sa ki te atire'm. Se "Mal" ki te ouvè zòrèy mwen sou talan fanm sa a.

Se mizik sa a m pi renmen nan kalatòg li. M aprann ke se K-Dilak ki te ekri li, e si sa vre, se pa etonan. K-Dilak konn ekri bèl mizik anpil. M swete li kontinye kolabore ak Darline paske melanj lan bay bon rezilta.

Opinyon sou lòt mizik li yo

M pa renmen DDSK. Li sanble yon mizik ki jis fèt konsa konsa, li pa vrèman memorab. Wi, videyo a bèl, men mizik lan, dapre mwen, twò senp. Se pa yon mizik mwen mete nan playlist mwen, men anmenmtan se pa pi move mizik ki rive nan zòrèy mwen, si l'ap jwe, sa pa deranje'm.

"Ou Fè'm" se yon lòt bèl mòso. M renmen li plis pase DDSK, men m panse yo te ka travay plis sou refren an pou fè li pi bèl, lè yon mizik kòmanse ak yon bèl kouplè epi refren an manke bèl, li vin desann valè mizik la, e nan mizik, se refren an ki kenbe mizik la. Sa se opinyon pa'm, lòt moun kapab wè li nan lòt fason.

Darline se yon atis ki gen stil pa li, e li kontinye ap fè travay li. Li trè inik, li genyen anpil enèji sou sèn. Darline Desca, se pa ti atis. Li mete animasyon sou sèn ak yon enèji ekstraòdinè. Li se youn nan ra fanm ki ka monte sou nenpòt sèn entènasyonal pou reprezante Ayiti ak fyète, paske depi ou wè Darline Deska ou wè yon fanm kreyòl. Li pwofesyonèl, li pa nan konfli ak lòt atis, li pa reponn radòt sou rezo. Sa montre matirite li. M swete li kontinye kenbe tèt li jan li ye a.

Sispann sèvi ak laj kòm zam

Sa ki tris, se lè li poste yon foto, gen moun k'ap di li granmoun, oswa ke figi li di. Pèp la pa ka jwenn okenn kritik pou yo ba li, kounya yo itilize laj li kòm yon zam.

Yo fè menm bagay la ak Blondedy Ferdinand. Se pa yon pwoblèm Ayisyen sèlman, menm Nicki Minaj ak Beyoncé ap sibi sa. Sosyete a toujou ap sèvi ak laj kòm zam pou mete fanm deyò nan endistri a. Karyè Darline fèrenk kòmanse fleri, e li t'ap travay di pou sa lontan, si se kounya li jwenn popilarite pou li jwi redi li, kite'l jwi popilarite'l. Si ou pa renmen li, ou lib pou ou pa swiv li, men pa vin sal paj li ak negativite.

Ann mete fyète sou sa ki bon

Ann sipòte Darline Desca.

Li se yon trezò kiltirèl Li merite lanmou, respè, ak rekonesans nou.

Pataje Atik Sa a