M ta renmen wè Danola fè siksè nan kominote entènasyonal la. Mwen pa dekouvri Danola twò lontan, sa ka gen 2 zan konsa, depi apre'm te fin tande mizik "Me Love the Way" li te fè ak Roody Roodboy la. Mwen te apresye vokal li, apre sa m te vin dekouvri "Premye Fwa". Danola poko vrèman gen anpil mizik nan katalòg li e m'ap tann plis toujou.
YON VOKAL POU MIZIK POP
Danola gen yon vokal ki trè swa, trè senp e tankou anpil medam nan endistri mizik ameriken an. Nan endistri ameriken an se jan de vokal sa yo y'ap chèche, sitou nan domèn pop la. Lè'm premye tande vokal Danola, m di, "Wow! Manzè ka fè mizik pop, li gen jan de vokal sa yo e l'ap byen sonnen sou beat yo." Mwen p'ap pale de ansyen pop tankou nan tan Michael Jackson ak Madonna non; m ap pale de pop modèn nan, mainstream pop ki la kounya, jan de mizik Billie Eilish, Tate McRae, Bebe Rexha avèk Ellie Goulding ap fè yo. Li gen yon trè bèl vokal e m ka konpare vokal li ak vokal medam sa yo.
Fason mizik li yo mikse se yon bagay ki ka vrèman chanje game nan. Lè m'ap tande mizik li, se tankou se mizik pop ameriken m'ap tande; sèl diferans lan sèke li chante an kreyòl, e yon lè m ta renmen li kolabore ak yon atis mainstream ameriken.
DANOLA PA YON VOKALIS, MEN YON ATIS INIK
Dènye mizik Danola lage nan moman an ki se "Si Demen" se vrèman yon bèl mizik. Mwen te oblije kouri achte'l sou iTunes, paske fòk mwen sipòte bon bagay. Se pa yon atis ke'm fou pou li 100%, men se yon atis mwen respekte e renmen anpil. Gen kèk moun ki di li pa ka chante live. Bon, m pa konnen paske m pa vrèman wè okenn pwogram li sou YouTube, men m pa enkyete m de vokal li live. Li fè bèl mizik. Mwen pa konsidere'l kòm yon vokalis tankou Rutshelle oswa Bedjine; m jis konsidere'l kòm yon atis ki gen yon bèl vokal, ki fè bèl mizik.
Gen anpil atis tankou Rihanna, Britney Spears pa egzanp. Moun sa yo gen bèl vokal, men yo pa vokalis. Yo pa ka chante live tankou Beyoncé, men yo fè bèl mizik e vokal yo inik; ou p'ap jwenn yon lòt vokal tankou yo.
Vokal Danola se yon vokal ki swa, ki ba; se youn nan vokal ki pi inik nan endistri a. Mwen renmen ton an, e li fè bèl mizik. Mwen swete demwazèl la plis siksè, e anpil atis ki pral vini nan endistri a gen pou swiv egzanp li.