Rasis Nan kominote Ayisyèn Nan

Rasis Nan kominote Ayisyèn Nan

Yon analiz sou koloris ak diskriminasyon andedan kominote nwa a

Pibliye 31 Oktòb 2021
Sosyal

Ras nwa se youn nan ras ki pi rasis ak tèt yo men yo pa reyalize sa. Jodi a mwen vle pale de rasis nan kominote Ayisyen an.

KISA KI RASIS?

Daprè majorite Ayisyen k ap viv an Ayiti, yo panse rasis se lè yon moun pa renmen yon moun. Tankou si yo mande yon moun fè yon bagay pou yo, epi moun nan pa fè l, yo di se paske moun nan ap fè rasis.

An reyalite, men kisa rasis vle di: rasis se lè yon moun pa vle wè yon lòt akoz de koulè po l. Tankou, gen blan ki pa vle wè nwa; sa se rasis. Men, èske se sèlman blan ki ka rasis anvè nwa? Èske yon nwa pa ka fè rasis ak yon blan? Èske yon nwa pa ka fè rasis ak yon nwa parèy li?

Ayiti se yon pèp nwa, se yon peyi ki gen plis nwa k ap viv ladan l. Antanke nwa ak nwa, gen de bagay ki konn ap soti nan bouch nou ki pa plezan ditou. Mwen sonje lontan, moun lakay mwen te konn ap fè fawouch sou moun ki wouj, yo rele nou ravèt, yo di nou pa orijinal, jis paske koulè po m te yon tijan pi klè pase koulè po yo.

DEKOLAJ

Dekolaj se yon bagay ki vin trè popilè de jou an jou nan kominote nou an, e anpil moun nòmalize l. Anpil moun gate po kò yo jis pou yo ka vin klè. Lè yon moun gen yon po ki nwa, gen moun ki di l, “Ou twò nwè,” genyen ki rele l “chabon.” Ayisyen chwazi tout vye non pou bay moun nan pote, ebyen menm moun sa yo k ap di sa, se yo menm ankò wi ki pral lapide moun nan lè li rantre nan dekolaj. Ayisyen ipokrit anpil!

MOUN WOUJ AVÈK MOUN PO NWA YO

Kisa youn panse de lòt? Mwen pa ka pale de eksperyans tout moun, men m sonje, m te rete yon kote, moun lakay la te konn toujou ap tire pwen pou moun wouj. Yo di, “Moun wouj malpwòp, moun wouj toujou santi dou a midi, moun wouj se ravèt.” Anpil vye bagay negatif, jis paske yo menm yo pa wouj. Sa te konn vrèman fè m mal paske mwen menm, pou tèt pa m, se yon moun wouj, e se pou mwen menm ak manman m yo te konn ap tire pwen sa yo konsa. Pou nenpòt ti bagay, ou tande, “Se pou ti koulè wouj la ki fè l ap pran pòz konsa wi.” Bon, mezanmi, poukisa Ayisyen toujou ap bat pou fè tout moun parèt tankou demon? Depi yo pa nan menm kategori avèk yon moun, yo voye w akote.

MANTALITE ANPIL GASON AYISYEN

Gen anpil moun, malgre yo nwa, yo pa renmen pwòp koulè yo. Gen anpil gason nwa, se fanm wouj yo renmen. Se konsa tou, gen anpil nan yo lè yo vin nan peyi etranje, se dèyè fanm blan yo vini. Non, mwen menm konnen kèk nan yo ki poko menm pile tè a, se fanm blan y ap chèche sou Facebook. Yo pa menm ka pale anglè; yo pito ap kole grenn mo. Nèg sa yo, ou gentan wè se fanm blan yo renmen.

Yon lè, m te ale nan yon salon kote te gen yon mesye Ayisyen ki gen yon ti pitit gason ki te ka nan petèt dizan yo konsa. Papa a ap pale, li di se ak yon ti blan pou ti gason an ye, gen anpil bèl ti blan nan lekòl la. Mwen te vrèman wè sa lèd, paske depi nan laj sa a pou misye ap mete mantalite sa a nan tèt yon timoun, wè monchè!

Gen anpil paran Ayisyen m konnen k ap viv Etazini ki fyè lè yo wè se ak yon blan oswa yon fanm klè pitit yo ye. Gen nan yo menm ki di fanm nwa yo se “junky.”

Pa bliye, ras nwa se yon ras ki toujou gen mantalite esklav la nan tèt li, e se konsa lemonn vle wè nou. Mwen ta swete plis moun pale sou sijè sa a nan kominote nou an, petèt anpil moun ta wè verite a.

Pataje Atik Sa a