Se Toujou fòt Fanm

Se Toujou fòt Fanm

Yon ti analiz sou iprokrizi sosyete konsènan fanm ak gason

Pibliye 12 Jen 2022
Kilti Popilè Sosyal

Nan tout kwen sou latè, fanm toujou ap lite pou dwa yo, valè yo, e pou yo jwenn respè.

Ayiti, malerezman, se youn nan kote yo maltrete fanm plis toujou nan 21yèm syèk la. Yo souvan pase yo anba pye san jistifikasyon, depi ou se fanm otomatikman se ou menm ki pwoblèm nan.

Egzanp yo pale pou tèt yo

M sonje m t'ap tande yon entèvyou ak atis Blondedy Ferdinand. Li t'ap eksplike kijan mari li te ye avè'l, kòman nèg la te konn ap ba'l move jan, kòman nèg la te vin rive yon lè li pa't vle travay etc... M t'ap swiv kòmantè yo, tout moun se Blondedy yo t'ap lapide.

Depi li deside kite mari li, se li tout moun ap sal. Yo pa janm mande kisa ki te pase, ni kisa ki te koz, otomatikman yo fè konnen se Yves ki kite Blondedy, se paske Blondedy Bouzen.

Nou ka sonje yon lòt ti fi tou. Li te twonpe menaj li e nèg la te bat li. Anpil moun te mete tout fòt sou li, di li merite sa. Men e nèg la menm? Malgre misye te konn gen lòt fanm sou li, twonpe'l plizyè fwa, sa pa't enpòtan pou pèp la. Se manzè a sèlman ki dwe kondanne.

Rasin pwoblèm nan se koutim ak mantalite nou

Nan kominote nou an, l'ap trè difisil pou nou fè pwogrè paske 99% pèp la panse menmjan. Menm nan lòt peyi, menm peyi ki rele tèt yo "grand puisans", fanm toujou ap sibi. Yo toujou jije fanm sou jan yo abiye, pale, oswa mennen tèt yo. Men tifi ak tigason pa janm leve menm jan lakay. Ti fi pa gen libète, yo toujou ap resevwa jouman, tout sa yo fè pa sifi, yo se esklav kay la, malgre sa yo pa jwenn okenn respè. Pandan se tan, ti gason ap jwi tout avantaj, tout privilèj, tretman tankou prens.

Se pa gason ki pwoblèm lan, men se sistèm nan

M pa kont gason. Men nou pa ka kontinye sipòte sistèm kote gason abize fanm, derespekte yo, jwe ak santiman yo. Fanm merite respè.

Lè yon gason abize yon fanm, se toujou fanm nan yo jije. Si li di mari li bat li, premye reyaksyon se:

"Èske li te fè bouzen sou nèg la?"
Yo pa chèche konprann, yo chèche kondane'l otomatikman.

Double standard nan mizik endistri a montre sa a pi klè ankò

Gade mizik endistri a. Gason ap chante betiz sou fanm, y'ap pale de plezi ak "bouzen", men si se yon fanm ki ta fè menm bagay la? Yo t'ap joure'l jiskaske li pèdi tout valè. Se sa yo rele double standard: sa ki bon pou gason, pa bon pou fi.

Yon gason ka gen plizyè fanm, li ka twonpe menaj li plizyè fwa, epi l'ap toujou genyen respè. Men si yon fanm ta fè sa yon sèl fwa, se fini pou li.

Gason vle fi vyèj pou marye, men li pa janm yon obligasyon pou yo vyèj tou.

Fanm se pi gwo ènmi tèt yo

M toujou di, si jounen jodi a fanm Ayisyèn an kolektiv pa't gen dwa pou yo vote, dwa pou yo fè anyen san pèmisyon gason, yo menm ankò t'ap aksepte sa, yo t'ap di se sa la bib mande.

Malerezman, jan de pwoblèm sa yo poko ap janm fini paske fanm Ayisyen se pi gwo ènmi tèt yo, se pi gwo sipòtè sistèm sa a, yo leve pitit gason yo ak menm mantalite sa yo, yo pale lèd de fanm parèy yo devan pitit gason yo, yo pa enkyete yo de anyen.

Pataje Atik Sa a