Men Kisa M Panse De Bedjine

Men Kisa M Panse De Bedjine

Yon analiz sou enfliyans Bedjine nan Hmi la

Pibliye 31 Oktòb 2021
Kilti Popilè Mizik

Mwen vle bay opinyon'm sou jèn chantè Ayisyèn sa a ki ap bay pwoblèm nan HMI la nan moman an.

Bedjine, daprè sa nou konnen de li, se yon fanm ki soti Pòtoprens. Nan yon ti bout tan, manzè anvayi endistri a. Depi apre m te fin wè videyo mizik "Kita Nago" an, m te gentan wè Bedjine gen pou'l domine endistri a, e m vrèman kontan pou'm wè kòman Bedjine ap fè siksè nan endistri a. Nou poko konnen istwa Bedjine paske li nouvo toujou nan game nan, men'm gentan wè li gen pou'l yon ikòn nan kominote a.

KITE BEDJINE AN REPO

Anpil moun chwazi rayi Bedjine paske yo wè li kòmanse ap fè siksè. Mwen p'ap pale de atis yo non, men m'ap pale de piblik la, de fanatik yo. Mwen vrèman pa renmen jan pèp la trete Bedjine.

Ayisyen se konsa yo ye; depi yo wè w'ap fè siksè, yo santi ou pa merite'l. Men anverite, si Bedjine pa't popilè, se menm moun sa yo ki tapral di, "Mesye! Tifi sa a gen anpil talan, li ta sipoze ap fè anpil kòb nan HMI la."

SISPANN KONPARE’L AK RUTSHELLE

Nan chak peyi, nan chak kominote, gen yon moun ki gen plis enfliyans, gen yon moun ki kenbe endistri a nan pla men l. Etazini, yo genyen Beyoncé; nan Wayòm Ini, yo genyen Adele; Kanada, jiskaprezan yo genyen Celine Dion; an Jamayik, yo genyen Spice; an Ayiti, nou genyen Rutshelle. Medam sa yo, se yo menm ki gen plis enfliyans kòm atis feminen nan endistri peyi yo.

Sa vle di, si Rutshelle se fanm ki gen plis pouvwa nan moman an, nenpòt fanm ayisyèn ki rantre nan domèn mizik la, y ap mete l anfas li. Konparezon sa yo pap fè ni Bedjine byen, ni Rutshelle byen. Malgre m santi Rutshelle kapab genyen yon bagay nan kè l pou lòt medam k ap avanse yo, e m konprann, paske fanatik yo egzajere bagay yo. Lè y ap konpare moun ak Rutshelle, se kòmsi se pouse y ap pouse Rutshelle pou bay lòt atis pase.

E se menm pwoblèm sa a Beyoncé te genyen lè Rihanna te kòmanse gen popilarite; se menm pwoblèm sa a tou Nicki Minaj te genyen lè Cardi B te kòmanse ap fè hit. Menm Mariah Carey te gen gwo kè lè anpil moun te konn ap di Ariana Grande vin ranplase l. Prèske tout atis toujou gen yon lòt moun y ap bat pou mete an konpetisyon avè l. Yo fè Madonna menm bagay la pou Lady Gaga, etc.

Gen plas pou tout moun nan endistri a. Gen de bagay lè nou repete yo, yo pa fè moun byen. Rutshelle travay di pou l rive kote li ye a. Li pap janm renmen tande nou menm k ap menase l, k ap di li pa sou moun ankò, se moman Bedjine li ye. Pa gen okenn moun ki ta vle sa, e se nou menm ankò ki pral di Bedjine li pa alamòd ankò lè nou jwenn yon lòt nouvo atis fanm.

BEEF FLONATION AVÈK BLONDEDY NATORS YO

Kèk mwa pase, Bedjine te mele nan yon zen ki pa t menm fè sans. Se pèp la ki t ap bat pou kraze karyè Bedjine, pou moun li pa t konnen. Men kòman beef la te kòmanse:

Atis Danola te lage yon nouvo mizik, epi Bedjine t ap ba l konpliman. Li te poste yon pòs kote li te felisite Danola. Pòs la efase kounya, men sa li te di: “Woaw, malerezman nou plis kwè nan pwomote zen, nan pwomote moun ki pa gen talan, nan dekouraje atis k ap fè travay pozitif. Antouka, bon bagay @danolaa_🔥🔥”

Apre pèp la te fin wè pòs sa a, yo te mande dechire Bedjine. Fanatik Florence yo santi dlo a mouye yo, fanatik Blondedy yo santi dlo a mouye yo. Lè yo wè sa, de kan sa yo mete ansanm pou kraze Bedjine. E se bagay moun renmen anpil wi, lè pwòp ènmi w ap atake yon lòt ènmi. Se sa menm pèp la t ap tann; se yon ti van marengwen bezwen pou l al Lagonav.

Men, Bedjine pa lonmen non okenn moun, e se pa li sèl ki konn di jan de pawòl sa a. Se yon pawòl nou itilize chak jou. Depi yon jèn poste yon videyo sou entènèt la, ou toujou wè moun ap di, “Mesye! Ah, si se te krèy, yo t ap pataje l, yo pa ankadre talan…” Bedjine ka toujou di sa, men sa pa vle di se ak Florence oswa ak Blondedy li pale. Epi valè moun ki ap fè zen sou entènèt la? Se sou zen moun yo fè bri sou entènèt la sèlman, tankou Widiana, mesye dam feyton yo, Rashelle, Patricia Latour, Nerline, Mendel, Maricenat, Kitty, Jimmy Danger, etc. Tout moun sou entènèt la se zen y ap fè, men poukisa se fanatik de medam yo dlo a mouye? Nou te gentan gen nan kè pou Bedjine deja byen lontan...

Menm Natasha te foure bouch nan koze a. Li te rive di Bedjine pa nan ran Florence ak Blondedy. Jan Natasha toujou ap di li se fanm edike, m panse li te ka reflechi anvan li foure bouch, anvan li pale. M panse li te ka wè lojik la. Si se karyè Bedjine nou t ap bat pou nou kraze, ebyen li poko ap fè yon pa. Li gen talan, li bèl fanm, e li gen anpil kapasite pou li ta menm fè siksè entènasyonal.

YO DI BEDJINE PAKA CHANTE LIVE

Apre Bedjine te fin jwenn viza, li te kòmanse pèfòme nan U.S.A. E anpil moun te kòmanse ap kritike l, di li pa ka chante live. Moun sa yo se moun ki pa menm konn anyen de vokalis. Gen moun ki panse chante yon pakèt mizik byen long, youn apre lòt, se yon blag. W ap bouke, w ap swe. Se pa nenpòt moun ki ka fè sa, e si moun nan pa abitye, sa ap pran anpil tan. Bedjine ka chante trè byen live; bagay li pa ka chante a se konpa m sa.

BEDJINE SE FITI MIZIK AYISYÈN

Si m rive nan yon lòt peyi kote yo mande pou m prezante yo mizik peyi m, se ap yon fyète pou mwen pou'm jwe yon mizik Bedjine pou yo. E menmsi yo pap konprann pawòl yo, men melodi yo, pwodiksyon yo, kalite vokal Bedjine ap fè yo respekte nou. Y ap wè nou genyen bagay nan men nou.

Gen anpil talan nan tout peyi. Ann voye pa nou yo monte. Chapo ba pou Bedjine, e m swete l plis siksè.

Pataje Atik Sa a