Men Kisa yon pwofesè te fè nou nan 2 zyèm ane an Ayiti

Men Kisa yon pwofesè te fè nou nan 2 zyèm ane an Ayiti

Yon istwa pèsonèl sou sa yon pwofesè te fè mwen menm ak kèk elèv an Ayiti

Pibliye 21 Jiyè 2025
Sosyal

Vini'm esplike'w sa yon pwofesè te fè nou lè'm te nan 2 zyèm ane fondamantal.

Kèk ane pase, te gen yon bagay konsa ki te pase Etazini, epi m'ap vin sonje evènman sa a ki te rive mwen menm ak kèk lòt grenn elèv.

Klas 2 zyèm ane an te divize an de. Nou te gen yon pwofesè gason, epi lòt klas la te gen yon pwofesè fanm. Pwofesè fanm nan te vrèman rèd avèk elèv yo, e pafwa tou 2 klas yo te konn mele ansanm lè nou te konn ap òganize kèk bagay. Pa't gen youn nan nou ki te renmen madanm sa a, sitèlman li te sovaj. Li te renmen bat timoun yo, ponyen e maltrete timoun yo. M p'ap repete non okenn moun, paske m konnen ki efè rezo sosyo fè sou repitasyon moun.

Yon jou, klas 2 zyèm ane yo t'ap òganize yon ti bagay. Se pa't fèt, pa't gen anyen. Mwen sonje se te yon vandredi. Pou nou te kapab patisipete, yo te fè chak moun bay $2 oswa $5 konsa, m pa fin sonje egzakteman. Epi chak timoun t'ap jwenn manje.

Mwen menm, m pa't pote kòb. M pa sonje si m te mande manman'm kòb pou'm pote lekòl la oswa si se li menm ki te jis pa't genyen. Te gen kèk grenn timoun tou (nou pa't anpil) ki pa't pote kòb, nou te kapab petèt 5 timoun konsa ki pa't pote kòb, pifò klas la te pote lajan.

Mezanmi, depi madanm nan ap separe manje a, l'ap joure, l'ap babye. Li di l'ap aprann nou yon leson; l'ap bay tout lòt timoun ki te peye yo manje, epi l'ap fè nou chita la gade y'ap manje. Li repete ak bouch li menm ke l'ap fè nou aprann yon leson

E se sa egzakteman manzè te fè, jis pou li te ka imilye nou. Imajine'w, pou yon granmoun ap imilye timoun 7 an, 8 an... se nan laj sa a nou te ye nan dezyèm ane. Epi li fè tout moman an ap babye, ap gade nou anrega.

Mwen sonje gen yon tifi, lè l'ap wè m', sanble kè'l te touche, podyab timoun, li ofri'm nan manje pa'l la, men mwen menm ki te toujou dwòl depi'm timoun, m di, "Non, mèsi."

Mwen pa't sitèlman reflechi sou evènman sa a non, pou yon bon moman, m te gentan bliye sa ki te pase a konplètman. E m kwè malgre nou te timoun, gen nan nou ki ka sonje sa, e sa fè'm mal pou jan pwofesè an Ayiti yo trete elèv.

M sèlman pale de pwofesè fanm nan men m pa di anyen de pwofesè gason an. E misye menm, kisa li te fè nan sitiyasyon sa? Misye li menm, se te tankou yon poupe boure, sa dam nan di'l se sa. Li pa't di anyen ditou nan sitiyasyon an.

Yon bagay ke m remake nan lekòl yo, ni nan primè, ni nan segondè, pwofesè fanm yo toujou gen yon raj andedan yo. Yo toujou fache, yo toujou abize timoun yo.

M konnen pwofesè gason yo gen defo yo tou wi. Pwofesè gason yo fè anpil malpwòpte nan lekòl yo, tankou kouche ak timoun piti, fòse yo kouche avèk yo pou mwayèn. Men diferans ant pwofesè fanm ak pwofesè gason, medam yo toujou gen yon raj, se konsmi yo pa renmen timoun vre.

Mwen menm, se pa paske m pa vle kite eksperyans nan tan pase yo dèyè non. Men se paske m vle fè nou wè kijan de edikasyon lidè nou yo te konn resevwa nan kominote Ayisyèn nan.

Tout eksperyans ou fè nan moman danfans ou, nan kindergaten, nan primè, tout sa yo konte. Se tout sa yo ki vin fè'w moun ou ye jounen jodi a. Paske jan yo leve'w, jan sosyete a trete'w, menmsi ou te yon timoun, se tout eksperyans sa yo ki fondasyon karaktè'w jounen jodi a.

Pataje Atik Sa a