Solo Jay
Dekouvri istwa Solo Jay, yon vwa otantik nan mizik ayisyen
Chantè • Konpozitè
Biyografi
Pierre Johnny, ke nou konnen anba non Solo Jay te fèt 14 mas 1991 nan Senlwi Di Nò, depatman Nòdwès, Ayiti. Li se papa 3 timoun e li genyen yon karaktè ki trè saj, trè imanis. Depi li te timoun, li temontre yon gwo enterè pou mizik ak kilti ayisyèn.
Nan lane 1998, li te jwenn premye enspirasyon'l nan yon gwoup lokal ki rele Fanmiy Mizik, ki te konn jwe nan katye lakay li. Sa a te limen yon chalè nan kè li pou mizik.
An 2006–2007, li te pran premye etap enpòtan nan karyè li lè li te fonde premye gwoup li, X-Revolution. Pandan menm peryòd sa a, li te kreye yon lòt gwoup ki rele Revolution Soldiers, kote li te pibliye de premye mizik li yo: 'Fanm Sa' ak 'Everybody Let's Go' an 2008.
Travay orijinal Solo Jay te fè li vin rekonèt nan zòn li, kote li te gen opòtinite pou l kolabore ak plizyè atis popilè tankou Dolby Malè, KBJ, Louko Jah, ak lòt moun. Kolaborasyon sa yo te ede l devlope yon son inik ki melanje tradisyon ak modènite.
Apre Revolution Soldiers te kraze (2009–2014), li te rantre nan gwoup Massif Rap kòm chantè prensipal, kote li te chante sou twa mizik ak twa kanaval. Pandan menm epòk sa a, li te tou se yon pati nan gwoup Mission 03, kote li te sèvi kòm maestro e li te chante sou kat mizik ak kat kanaval.
An 2015, li te lanse pwojè J and J ansanm ak zanmi li Jhulens (Jhulens and Johnny ex). Gwoup sa a te pibliye twa mizik enpòtan: 'Lajenès Leve Kanpe', 'Ann al Vote', ak 'Pa Fòsel'. Se nan menm ane sa a li te pran desizyon enpòtan pou l chanje non atistik li soti Johnny ex pou vin Solo Jay, yon chanjman ki te make kòmansman yon nouvo chapit nan karyè li.
Pandan tout karyè li, Solo Jay te travay kòm yon animatè radyo, kote li te pataje pasyon li pou mizik ak kilti ayisyen an. Li te fè plizyè reklam pou plizyè mak ak òganizasyon, tankou Le SRA Ecole Professionel, Chery Smart-Phone, ak Fòne Lessive.
Pou Solo Jay, yon gita ak yon mikwo sifi pou li kraze sèn nan. Li se yon atis òganik ak natirèl, yon chantè ak vokalis ki gen yon vwa pwisan ki pote anpil emosyon. Malgre tout difikilte pèsonèl li te fè fas, li kontinye kreye mizik ak patisipe nan plizyè pwojè, tankou prete vwa li pou kanpay politik ak maketing konpayi lokal, toujou ap chèche pataje konesans kiltirèl li ak pèsonalite chofe li ak pèp ayisyen an.