Shilay
Chantè • Konpozitè
Biyografi
Shilderic Joamelus, nou konnen jodi a sou non Shilay, fèt 18 fevriye 1999 nan Saint Louis du Nord, Ayiti. Depi li te timoun, li te gen yon gwo pasyon pou mizik.
A 7 an, Shilay te kòmanse chante. Li te konn fè ti koral li ak timoun nan katye li epi ekri ti mizik. Malgre se te bagay timoun, men se la enspirasyon li te kòmanse. Atis tankou Michael Jackson, Celine Dion avèk Lucky Dube te enpresyone Shilay anpil e pi gwo rèv li se pou li vin yon ikòn nan sèn mizik Ayisyèn nan.
An 2015, li te fè premye tantativ pou aprann kijan pou'l fè mizik sou pwogram tankou FL Studio, Audacity avèk pwogram tankou Soundtrap. Malgre li pa't gen moun pou gide'l, li te aprann pou kont li kòman pou li fè enstrimantal e aranje mizik.
An 2018, li te dekouvri GarageBand, e sa te transfòme fason li fè mizik konplètman. Pwogram sa a te atire'l anpil, li te kòmanse anrejistre ti demo sou li. Malgre mizik sa yo pa t byen pwodui, an 2019 li lage premye mizik li sou Facebook kòm yon demo, ki te rele "Depi'w Pa La".
Malgre mizik sa a pa't fè hit, moun ki te tande'l yo te renmen'l anpil, e yo te mande'l pou'l fè'l tounen yon pwojè konplè. Men ak tan, li te vin pa't reyalize'l, e li te vin pa't enterese de mizik sa a ankò.
An 2021, Shilay lage premye single ofisyèl li sou platfòm streaming yo tankou Spotify, iTunes, ak Apple Music, elatriye. Tit la se te "Kann Kale", yon metafò li te itilize ki reprezante peni gason.
Tèm nan mizik Shilay yo souvan baze sou sèks, plezi, kè brize, men li pa fè mizik okenn moun espesifik. Se jis tèm mizik li ekri yo, e pafwa tou li ekri kèk mizik romantik. Majorite mizik Shilay ekri yo poko rive nan piblik la.
Pandan ane sa yo ki pase la yo, Shilay fè anpil pwogrè nan fason li ekri. Malgre li toujou renmen ekri mizik ki trè seksyèl oswa ki gen betiz, avèk matirite, mizik li yo vin pran yon direksyon ki pi sosyal, spirityèl, e pafwa politik.
Albòm li gen pou'l lage an 2026 lan ki rele 'La Cigale', se yon pwojè folk ki gen anpil mizik spirityèl ladan'l. Men, li pa site okenn relijyon oswa non Bondye an patikilye, mizik sa yo fèt pou chak moun kapab jwenn yon mesaj ladan yo, kèlkeswa kwayans yo, kèlkeswa relijyon yo.
Shilay pa swiv sa ki ap fè hit nan moman, li fè sa li santi ki bon pou li e sa ki reprezante li kòm yon atis. Fè yon albòm folk jodi a se yon gwo risk, paske anpil moun pa vrèman tcheke de stil mizik sa a ankò. Men, Shilay deside suiv kè li, paske mizik pou li se pa yon kesyon de fè sa ki ap fè moun plezi, men se fè sa ki reprezante'l kòm yon atis.
Karyè
Premye Demo
Premye Single Ofisyèl
Premye Albòm
Diskografi
Foto